Maurice Sixtoh:3: 2XOoумæwitXli Nnма mpd nуnt!cantixki
| Maurice Sixto |
| Fonksyon:Ekriven |
| Domèn:Literati |
| Eta sivil |
|---|
| Dat nesans:23 me 1919 |
| Lye nesans:Gonayiv |
| Peyi nesans:Ayiti |
| dat lanmò : 12 me 1984 Filadèlfi (Etazini) |
| Nasyonalite : Ayisyen |
Gade kouman pou ou konplete biyografi sa : biyografi |
Maurice Alfredo Sixto (nan kreyòl ː Moris Sixto) fèt 23 me 1919 nan Gonayiv. Li mouri 12 me 1984, nan Filadèlfi, Ozetazini. Li te yon pwofesè literati, yon tradiktè, yon lodyansè, yon gid touris, e anbasadè.
Kontni
- 1 Biyografi
- 2 Zèv li yo
- 3 Referans
- 4 Lyen deyò
Biyografi[edite | modifye sous]
Papa li Moris Alfredo Sixto te yon enjenyè, manman li te rele Maria Bourand. Li te fè klas segondè li St. Lwi Gonzag. Apèn li te fini, li te antre nan Akademi Militè kote li te rete pou sèlman twa mwa. Li te fè fakilte dwa nan lane 1945 rive 1948. An menm tan li te travay pou Radyo HHBM (ki kounye a rele MBC).
Sixto ap rete pou letan e letènite nan memwa kilti pèp ayisyen an pou tout sa li fè kòm komedyen e pou tout sa li pòte nan literati oral peyi Ayiti. Li gen yon jan li dekri boujwa ki fè yo pa parèt twò sensè anvè moun ki nan lòt klas yo e lang kreyòl ayisyen. Li kreye yon jan ki antre nan nannan kilti ayisyen an.
Sixto kòmanse chak istwa sou bagay li wè e sou sa li tande moun di. "Regards sur choses et gens entendu" (Regarding things seen and people heard).
Zèv li yo[edite | modifye sous]
- Volim I Lea Kokoyé Madan Ròròl.
- Volim II Zabèlbòk Berachat Bòs Chaleran.
- Volim III Ti Sentaniz Madan Senvilus Lòk Tama Pè Tanmba.
- Volim IV Gwo Moso Ti Kam Tant Mezi Ronma lan ekspò Priyè devan katedral.
- Volim V J'ai vengé la race Dépestre ; Le corallin du Célibataire ; Les ambassadeurs à Kinshasa.
- Volim VI Madan Jul Ton chal ; L'homme citron Men yon lòt lang Pleyonas Téofil ; Le jeune agronome Général Ti Kòk ; La petite veste de galerie de Papa.
Referans[edite | modifye sous]
Lyen deyò[edite | modifye sous]
- Fondasyon Maurice Sixto
- Biyografi Maurice Sixto sou ile-en-ile.org
- Maurice Sixto sou alterpresse.org